01:01 Mwen menm, Pxl, ansanm ak Silven ak Timote, m'ap ekri lqt

sa a voye bay manm legliz lavil Tesalonik yo, k'ap viv ansanm

nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyq nou an. Mwen mande pou yo

ban nou benediksyon ak kq poze. .


01:02 Se tout tan m'ap di Bondye mqsi pou nou tout. Mwen pa janm

bliye nou lq m'ap lapriyq. .


01:03 Devan Bondye Papa nou, mwen toujou chonje jan n'ap viv

byen paske nou gen konfyans nan Bondye, jan n'ap travay di paske

nou gen renmen nan kq nou, jan nou rete fqm nan espwa nou gen

nan Jezikri, Seyq nou an. .


01:04 Mwen konnen, frq m' yo, Bondye renmen nou, se li menm ki

chwazi nou pou n' ka viv pou li. .


01:05 Se pa t' avqk pawxl ase mwen te anonse nou bon nouvql la.

Men tou, se te avqk pouvwa Sentespri a, avqk lasirans fqm sa m'

t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen

tqt mwen nan mitan nou. Mwen te fq l' pou byen nou. .


01:06 Nou te swiv egzanp mwen ak egzanp Seyq a. Nou te soufri

anpil. Malgre sa, nou te resevwa pawxl Bondye a ak kq kontan. Sa

se travay Sentespri. .


01:07 Se konsa, nou te tounen yon egzanp pou tout moun nan peyi

Masedwan ak nan peyi Lakayi ki gen konfyans nan Bondye. .


01:08 Konsa, nou fq anpil moun rive konnen mesaj Seyq a. Se pa

sqlman nan Masedwan ak nan Lakayi, men se toupatou moun ap pale

jan nou gen konfyans nan Bondye. Se sa ki fq, nou pa bezwen pale

sou sa ankx. .


01:09 Okontrq, yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m' lq m' te

rive lakay nou, jan nou te kite zidxl yo pou tounen vin jwenn

Bondye, pou nou te ka sqvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an. .


01:10 Y'ap di tou jan n'ap tann Jezi, Pitit Bondye a, k'ap vini

sot nan syql la. Se Jezi sa a Bondye te leve vivan soti nan

lanmx. Se li menm k'ap delivre nou anba kxlq Bondye k'ap vini an.

 .


* 02:01 Nou menm frq m' yo, nou konn sa byen: vizit mwen te fq

lakay nou an te bay bon rezilta. .


02:02 Mwen te fenk soti lavil Filip kote yo te maltrete m' anpil,

 kote yo te joure m' lan. Men, Bondye ban m' fxs ak kouraj pou

m' te ka anonse nou bon nouvql ki soti nan li a, malgre tout

opozisyon mwen te jwenn. .


02:03 Paske, lq m'ap pale ak moun, se pa manti m'ap bay, ni mwen

pa gen okenn move lide dqyq tqt mwen, ni mwen p'ap chache twonpe

pesonn .


02:04 Okontrq, mwen te toujou pale jan Bondye vle l' la. Se

Bondye ki konnen sa ki nan kq mwen. Li fq m' konfyans, li ban

mwen bon nouvql li a pou m' anonse. Se sak fq, se pa lqzxm m'ap

chache fq plezi, men Bondye ki konnen sa ki nan kq mwen. .


02:05 Nou menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sqvi ak pawxl ki

pou flate moun, ni mwen pa janm pran okenn pretqs pou chache fq

lajan. Mwen pran Bondye pou temwen. .


02:06 Mwen pa chache lwanj nan men pesonn, ni nan men nou, ni

nan men lxt moun. .


02:07 Se pa kapab mwen pa ta kapab fq nou santi otorite Kris la

ban mwen tankou apxt li. Non, okontrq. Pandan tout tan m' te

lakay nou, mwen te aji avqk dousq, tankou yon manman k'ap pran

swen pitit li yo. .


02:08 Mwen te sitqlman renmen nou, se pa bon nouvql la ase mwen

ta ban nou. Ata vi m' mwen ta bay pou nou. Nou wq jan m' renmen

nou! .


02:09 Nou chonje, frq m' yo, jan m' te travay, jan m' te fatige

kx m' ap travay lajounen kou lannwit pou m' pa t' sou kont nou

yonn pandan tout tan mwen t'ap anonse nou bon nouvql Bondye a. .


02:10 Mwen pran nou sqvi m' temwen ansanm ak Bondye: Nou menm ki

gen konfyans nan Bondye, nou ka di mwen te aji byen ak nou, yon

jan ki dakx ak volonte Bondye, yon jan ki dwat, ki san repwxch. .


02:11 Nou konnen ki jan mwen te aji ak nou chak, tankou yon papa

ak pitit li yo. .


02:12 Mwen te ankouraje nou, mwen te konsole nou, mwen pa t'

janm sispann fq nou konprann byen ki jan pou nou mennen tqt nou

pou nou ka fq Bondye plezi, paske Bondye rele nou pou nou

resevwa pa nou nan gouvqnman l' ak nan bql pouvwa li. .


02:13 Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mqsi tou pou jan nou

te pare zxrqy nou koute lq m' t'ap fq nou konnen pawxl Bondye a.

Nou te resevwa l' pou sa l' ye a: pou pawxl Bondye, pa pou pawxl

lqzxm. Se pawxl sa a k'ap travay nan kq nou, nou menm ki gen

konfyans nan Bondye. .


02:14 Frq m' yo, sa ki rive nou an, se sa ki te rive manm legliz

Bondye k'ap viv pou Jezikri nan peyi Jide a. Menm sa yo te

soufri nan men jwif yo, se sa nou soufri tou nan men moun menm

peyi ak nou yo. .


02:15 Se jwif yo ki te fq touye ni Jezi, Seyq a, ni pwofqt yo.

Se yo menm tou ki te pqsekite m' ansanm ak zanmi m' yo. Yo pa

soti pou fq Bondye plezi. Yo fq lenmi ak tout moun. .


02:16 Y'ap fq sa yo kapab pou anpeche m' pale ak moun ki pa jwif

yo, pou moun sa yo pa sove. Konsa, yo lage kx yo nqt ale nan

menm peche yo te toujou kxnn fq a. Men, koulye a kxlq Bondye

tonbe sou yo. .


02:17 Pou mwen menm, frq m' yo, pa gen lontan depi m' kite nou.

Nou pa wq menm, se vre. Men, lide m' toujou sou nou. Se pa ti

anvi mwen pa anvi wq nou ankx. .


02:18 Mwen pa konnen sa m' ta fq pou m' tounen lakay nou ankx.

Mwen menm Pxl, mwen te seye plizyq fwa menm. Men, Satan te

anpeche mwen. .


02:19 Se nou menm, moun Tesalonik, ki tout espwa mwen, se pa lxt

moun. Se nou menm ki fq kq m' kontan. Se nou menm k'ap ban m'

okazyon pou m' vante tqt mwen devan Jezi, Seyq nou an, lq la

vini. .


02:20 Se nou menm ki ban m' satilfaksyon, se nou menm ki fq kq

m' kontan. .


* 03:01 Se konsa, mwen pa t' kapab tann ankx. Mwen pran desizyon

rete pou kont mwen lavil Atqn. .


03:02 Mwen te voye Timote, frq nou an, al wq nou. Se yon sqvitq

Bondye k'ap travay ansanm ak mwen pou fq konnen bon nouvql Kris

la. Li te gen pou l' te fxtifye nou, pou l' te ankouraje nou nan

lafwa, .


03:03 pou pesonn pa febli nan mitan tribilasyon sa yo. Nou menm,

moun lavil Tesalonik, se pou n' soufri bagay sa yo paske Bondye

te wq davans sa tapral rive nou. .


03:04 Lq m' te la nan mitan nou, mwen te pale nou davans nou

tapral gen anpil lafliksyon. Nou wq se sa menm ki rive nou. .


03:05 Se poutqt sa, mwen te voye Timote ban nou, mwen pa t'

kapab tann ankx. Mwen te voye l' pran nouvql jan konfyans nou

nan Bondye ye. Mwen te pq pou Satan pa t' pran nou nan pqlen li,

pou tout travay mwen an pa t' pqdi. .


03:06 Men koulye a, Timote fqk rive sot lakay nou, li fq kq m'

kontan, li ban m' bon nouvql, li di m' jan nou gen konfyans ak

renmen. Li di m' jan nou menm tou nou toujou chonje m', jan nou

anvi wq m', menm jan mwen menm mwen anvi wq nou. .


03:07 Konsa, frq m' yo, nan mitan tout fikilte ak tout

lafliksyon mwen yo, sa te ban m' kouraj lq m' tande jan n'ap

kenbe fqm nan lafwa. .


03:08 Se koulye a m'ap viv tout bon, paske nou menm, moun

Tesalonik, nou rete fqm nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la. .


03:09 Mwen pa konn ki jan pou m' di Bondye mqsi pou nou, tqlman

nou fq kq m' kontan devan li. .


03:10 Lajounen kou lannwit, m'ap mande ak tout kq mwen pou

Bondye ban m' chans yon lq vizite nou ankx, pou m' ka fin moutre

nou sa nou manke nan lafwa a toujou. .


03:11 Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyq nou,

pou yo louvri yon chemen pou mwen pou m' ka vin wq nou. .


03:12 Mwen mande Seyq a pou nou gen plis renmen yonn pou lxt ak

pou tout moun, menm jan mwen renmen nou. .


03:13 Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fxtifye kq nou

pou nou ka san repwxch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap

viv apa pou li jouk lq Jezikri, Seyq nou an, va vini ansanm ak

tout moun pa l' yo. .


* 04:01 Frq m' yo, mwen te moutre nou ki jan pou n' mennen bak

nou si nou vle fq Bondye plezi. Wi, mwen konnen se konsa n'ap

viv vre. Men, koulye a m'ap mande nou, nan non Seyq Jezi a,

tanpri chache viv pi byen toujou. .


04:02 Nou konnen tou sa m' te moutre nou, avqk otorite Seyq Jezi

te ban mwen an. .


04:03 Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye,

pou nou pa lage kx nou nan imoralite. .


04:04 Se pou chak gason konn chwazi madanm li yon jan ki

respektab, ki dakx ak volonte Bondye. .


04:05 Pa kite move lanvi pouse nou tankou moun lxt nasyon yo ki

pa konnen Bondye. .


04:06 Nan bagay sa a, okenn gason pa dwe fq frq l' lapenn, ni fq

l' lenjistis. Mwen deja di nou sa, mwen te ban nou kont

avqtisman sou sa: Seyq a gen pou peni moun ki fq bagay konsa. .


04:07 Bondye pa rele nou pou nou viv nan vye kondisyon lqd. Men,

li rele nou pou nou viv yon jan ki dakx ak volonte li. .


04:08 Se poutqt sa, moun ki pa asepte pawxl sa a, se pa pawxl

lqzxm li pa koute, se pawxl Bondye ki ban nou Sentespri l' la

menm li pa koute. .


04:09 Kanta renmen nou dwe genyen pou frq n' yo, mwen pa bezwen

ekri nou sou sa. Paske, se Bondye menm ki te moutre nou ki jan

nou dwe yonn renmen lxt. .


04:10 Mwen konnen se konsa menm n'ap aji avqk tout frq yo nan

tout peyi Masedwan lan. Men, m'ap mande nou, frq m' yo, pou nou

chache viv pi byen toujou. .


04:11 Chache viv ak kq poze. Okipe zafq pa nou. Travay ak men

nou pou nou pa rete sou kont moun. .


04:12 Konsa, moun ki pa kwq nan Kris la va respekte nou, epi nou

menm, nou p'ap rete sou kont pesonn. .


04:13 Frq m' yo, sou keksyon moun ki mouri deja yo, mwen ta

renmen nou konn verite a, pou nou pa gen lapenn tankou lxt moun

yo ki pa gen espwa nan Seyq a. .


04:14 Menm jan nou kwq Jezi te mouri epi li te leve soti vivan

ankx a, konsa tou, se pou n' kwq tout moun ki te gen konfyans

nan li lq yo te mouri, Bondye va fq yo tounen ansanm ak Jezi. .


04:15 Dapre sa Seyq a te moutre m' lan, men sa m'ap di nou: Nou

menm k'ap vivan toujou lq Seyq a va vini an, nou p'ap pran devan

moun ki mouri deja yo. .


04:16 Lq sa a, n'a tande yon gwo lxd pase, n'a tande vwa chqf

zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Seyq a menm va

desann sot nan syql la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la

lq yo te mouri, se yo ki va leve soti vivan an premye. .


04:17 Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lq sa a, y'ap vin

pran nou, nou menm ansanm ak moun ki soti vivan nan lanmx yo,

y'ap mete nou sou nwaj yo pou n' al kontre Seyq a anwo a. Konsa,

nou tout n'ap toujou ansanm ak Seyq a .


04:18 Se pou nou yonn ankouraje lxt ak pawxl sa yo. .


* 05:01 Frq m' yo, mwen pa bezwen ekri nou pou m' fq nou konnen

ni ki lq, ni ki jou bagay sa yo gen pou rive. .


05:02 Nou menm nou konn sa byen: Jou Seyq a gen pou vin sou nou

tankou yon vxlx k'ap vin nan mitan lannwit. .


05:03 Lq n'ap tande moun ap di: Gen lapq toupatou, tout bagay

byen sou kontwxl, se lq sa a, san nou pa atann, n'ap wq kxlq

Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lq doulq tranche

sezi yon fanm ansent. p'ap gen chape pou yo. .


05:04 Men nou menm, frq m' yo, nou pa moun k'ap viv nan fqnwa.

Jou sa a p'ap vin sou nou tankou yon vxlq, san nou pa atann. .


05:05 Paske, nou tout se moun k'ap viv nan limyq, nan gwo

lajounen. Nou pa moun k'ap viv nan lannwit, nan fqnwa! .


05:06 Se sak fq, piga nou dxmi tankou lxt yo. Pa kite dxmi pran

nou. Kenbe tqt nou anplas. .


05:07 Se lannwit moun dxmi. Se lannwit tou moun sou. .


05:08 Men nou menm, nou se moun k'ap viv lajounen, se pou nou

toujou kenbe tqt nou anplas. Ann pran konfyans nou gen nan

Bondye a ak renmen nou gen nan kq nou tankou yon plak pwotqj pou

lestonmak nou. Ann pran espwa nou genyen nan Jezi k'ap vin

delivre nou nqt la, ann mete l' tankou yon kas an fq nan tqt nou.

 .


05:09 Paske, Bondye pa t' chwazi nou pou nou te tonbe anba kxlq

li, men pou n' te ka delivre, gremesi Jezikri, Seyq nou an. .


05:10 Jezi te mouri pou n' te ka viv ansanm ak li. Konsa, kit

nou mouri deja, kit nou vivan toujou lq la vini an, nou tout

n'ap toujou ansanm ak li. .


05:11 Se poutqt sa, ann nou yonn ankouraje lxt, yonn ede lxt,

jan nou deja ap fq l' la. .


05:12 Frq m' yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respq pou moun

k'ap travay nan mitan nou yo, moun Seyq a chwazi pou dirije nou,

pou ankouraje nou. .


05:13 Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, pou nou renmen

yo poutqt travay y'ap fq a. Se pou nou viv byen ak kq poze yonn

ak lxt. .


05:14 M'ap mande nou tou, frq m' yo, pou nou rele dqyq moun k'ap

fq parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frqt yo, ede sa ki fqb

yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun. .


05:15 Pa kite pesonn rann mal pou mal. Okontrq, toujou chache fq

sa ki byen yonn pou lxt ak sa ki byen pou tout moun. .


05:16 Se pou kq nou toujou kontan .


05:17 Pa janm sispann lapriyq. .


05:18 Di Bondye mqsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou

menm ki mete konfyans nou nan Jezikri. .


05:19 Pa antrave travay Sentespri a. .


05:20 Pa meprize pawxl moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye. .


05:21 Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon. .


05:22 Egzante tou sa ki mal. .


05:23 Mwen mande Bondye ki bay kq poze a pou l' fq nou favq pou

nou viv pou li nqt ale. Konsa, lq Jezikri, Seyq nou an, va vini,

li p'ap jwenn nou ak okenn defo, ni nan kx nou, ni nan lespri

nou ni nan nanm nou. .


05:24 Bondye ki rele nou an va fq sa pou nou, paske li toujou

kenbe pawxl li. .


05:25 Frq m' yo, lapriyq pou mwen tou. .


05:26 Di tout frq yo bonjou, bo yo pou mwen tankou moun k'ap viv

pou Bondye konn fq l' la. .


05:27 Tanpri souple, nan non Seyq a, li lqt sa a bay tout frq yo.

 .


05:28 Se pou benediksyon Jezikri, Seyq nou an, toujou la avqk

nou. .









 


~~~~~~