01:01 Mwen menm Pxl, yon moun Bondye menm te deside rele pou

sqvi apxt Jezikri, ansanm ak frq nou Timote, m'ap ekri nou tout

ki nan legliz Bondye a nan lavil Korent ansanm ak tout pqp

Bondye a ki nan tout peyi Lakayi. .


01:02 Nou mande Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyq nou an,

 pou yo ban nou benediksyon ak kq poze. .


01:03 Ann fq lwanj Bondye ki papa Jezikri, Seyq nou an, Papa ki

gen kq sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.

 .


01:04 Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou

nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lq n'a ba yo

menm ankourajman nou te resevwa nan men li an. .


01:05 Menm jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo,

konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman. .


01:06 Si mwen menm mwen nan lapenn, se pou nou menm, moun Korent

yo, nou ka resevwa ankourajman pou nou ka delivre. Si mwen menm

mwen resevwa ankourajman, se pou nou menm nou ka ankouraje, pou

nou ka resevwa fxs kouraj pou sipxte avqk pasyans soufrans mwen

menm m'ap sipxte a. .


01:07 Se konsa, mwen gen fqm espwa sa a pou nou, moun Korent,

paske mwen konn sa byen, menm jan nou soufri ansanm avq m' nan

tout lapenn mwen yo, konsa tou n'a resevwa pa nou nan

ankourajman Bondye ap ban mwen an. .


01:08 Mwen ta renmen, frq m' yo, nou konnen anba ki kalite

soufrans mwen te ye nan pwovens Lazi a. Sa te rqd nqt. Mwen pa

t' kapab sipxte ankx. Mwen te menm kwq mwen pa t'ap soti vivan. .


01:09 Mwen te santi yo te dqyq pou yo te touye mwen. Tou sa rive

m' pou m' te aprann pa mete konfyans mwen sou fxs kouraj pa mwen,

 men pou m' te ka mete tout konfyans mwen nan Bondye ki fq moun

mouri leve. .


01:10 Se li menm ki delivre m' anba tout gwo danje lanmx sa yo.

Se li menm k'ap toujou la pou delivre m'. Wi, mwen gen espwa

l'ap toujou delivre mwen, .


01:11 depi nou menm moun Korent nou ban m' ankourajman, nou

lapriyq pou mwen. Se konsa Bondye va tande tout lapriyq sa yo

n'ap fq pou mwen, la ban mwen benediksyon l', anpil moun va di

l' mqsi pou mwen. .


01:12 Men rezon ki fq m' kontan ak tqt mwen anpil konsa:

Konsyans mwen pa repwoche m' anyen pou jan m' te mennen tqt mwen

byen nan mitan tout moun, ak kq ouvq, san ipokrizi, sitou nan

mitan nou menm, moun Korent, jan Bondye vle l' la. Paske, sa se

travay favq Bondye a, se pa t' bon konprann lqzxm ki t'ap dirije

mwen. .


01:13 Nan tout lqt mwen ekri, mwen pa janm di lxt bagay pase sa

nou ka li ak sa nou ka konprann. Mwen gen espwa nou ka rive

konprann nqt .


01:14 sa nou poko fin konprann koulye a: konsa, lq jou Seyq Jezi

a va rive, nou ka kontan m' anpil, menm jan mwen menm m'a kontan

nou tou. .


01:15 Mwen te sitqlman gen konfyans sou pwen sa a, mwen te

konmanse fq lide ale lakay nou pou nou te ka resevwa benediksyon

Bondye a de fwa. .


01:16 Men wi, mwen te fq lide pase lakay nou sou wout mwen lq

mwen t'aprale Masedwan, epi pou nou te resevwa m' ankx lq m'ap

tounen soti la. Nou ta ka ede m' lq sa a kontinye vwayaj mwen

pou peyi Jide. .


01:17 Lq m' te fq lide sa a, qske mwen te twx prese? Lq m'ap

pran yon desizyon, qske se avantaj pa m' m'ap chache tankou tout

moun kifq m' ta gen de pawxl? .


01:18 Mwen pran Bondye ki gen yon sql pawxl la pou temwen,

pwomqs mwen te fq nou an, se pa t' yon wi ak yon non anmenmtan. .


01:19 Paske, mwen menm, Silas ak Timote, nou pa t' anonse nou

Jezikri, Pitit Bondye a, tankou yon moun ki gen de pawxl.

Okontrq, se wi ase Jezikri di pou Bondye. .


01:20 Paske se li menm ki fq nou wq tout pwomqs Bondye yo se

verite. Se poutqt sa tou, gremesi Jezikri, nou ka di amqn lq

n'ap fq lwanj Bondye. .


01:21 Se Bondye menm ki kenbe m' fqm, ansanm ak nou tout, nan

lavi n'ap mennen nan Kris la. Se li menm ki mete nou apa pou li,

.


01:22 li menm ki make nou ak letanp li, ki mete Sentespri nan kq

nou tankou yon garanti pou tou sa li sere pou nou. .


01:23 Mwen pran Bondye pou temwen sou lavi m': se pou m' te ka

menaje nou kifq mwen chanje lide, mwen pa rive Korent. .


01:24 Mwen p'ap chache fxse nou kwq anyen, paske nou deja kanpe

fqm nan lafwa. Men, mwen ta renmen travay ansanm ak nou pou fq

kq nou kontan. .


* 02:01 Se konsa, mwen pran desizyon pou m' pa vin lakay nou pou

m' pa fq nou lapenn ankx. .


02:02 Si pou m' ta fq nou lapenn, ki moun ki pou ta fq kq m'

kontan ankx? Eske se ta moun mwen ta fq lapenn yo? .


02:03 Se poutqt sa, mwen ekri nou jan m' te fq l' la: mwen pa t'

vle pou lq m' rive lakay nou, moun ki pou ta fq kq m' kontan yo,

se yo menm ki pou ta fq m' lapenn. Paske, mwen gen fqm

konviksyon sa a, lq m' kontan, nou tout nou kontan tou. .


02:04 Wi. Lq sa a, kq m' te boulvqse anpil, kq m' te sere, se ak

dlo nan je mwen te ekri nou. Mwen pa t' fq sa pou fq nou lapenn

non. Se vle mwen te vle fq nou konnen jan m' renmen nou anpil. .


02:05 Si yon moun fq yon lxt lapenn, se pa mwen li fq lapenn,

men se nou tout, moun Korent, li fq lapenn. Pou m' pa al twx

lwen, pito m' di se kqk nan nou li fq lapenn. .


02:06 Pifx nan nou gen tan peni nonm sa a, se kont li. .


02:07 Koulye a se pou nou padonnen l', se pou nou ba li

ankourajman pito, pou yon twx gwo lapenn pa kraze l' nqt. .


02:08 Se poutqt sa, m'ap mande nou pou nou aji avq l' yon jan

pou fq l' wq jan nou renmen li. .


02:09 Se pou sa menm mwen te ekri nou: mwen te vle sonde nou pou

m' te konnen si nou toujou soti pou nou koute tou sa m' di nou. .


02:10 Enben, lq nou menm nou padonnen yon moun pou mal li fq a,

mwen menm tou mwen padonnen li. Lq mwen menm mwen padonnen li, -

pou di vre, mwen pa gen anyen pou m' padonnen non,- men, lq m'

fq sa, mwen fq l' pou nou devan Kris la, .


02:11 pou pa bay Satan okenn avantaj sou nou. Paske nou konnen

byen pwxp sa Satan gen nan tqt li. .


02:12 Lq mwen te lavil Twoas pou m' te anonse Bon Nouvql ki pale

sou Kris la, Seyq a te ban m' yon bql okazyon pou m' te travay

la. .


02:13 Men, kq m' te sere anpil, paske mwen pa t' jwenn Tit, frq

nou an. Se poutqt sa mwen di moun Twoas yo orevwa, epi m' pati

pou Masedwan. .


02:14 Ann di Bondye mqsi! Paske l'ap toujou mennen nou ansanm ak

Kris la pou fete batay li genyen an. Li pran nou, li sqvi ak nou

tankou yon odq k'ap gaye bon sant li toupatou, pou n' ka fq tout

moun konnen Kris la. .


02:15 Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye.

Sant li rive nan men tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri. .


02:16 Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmx k'ap touye yo.

Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki

moun ki kapab fq yon travay konsa? .


02:17 Nou pa tankou anpil moun k'ap defxme pawxl Bondye a.

Okontrq, nou pale pawxl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun

k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou. .


* 03:01 Eske sa vle di m'ap konmanse fq lwanj tqt mwen ankx?

Osinon, qske mwen ta bezwen yon lqt rekxmandasyon pou nou tankou

kqk lxt ki pxte lqt rekxmandasyon ban nou? Ou ankx qske se pou

m' ta mande nou pxte yon lqt konsa ban mwen? .


03:02 Se nou menm, moun Korent, ki lqt rekxmandasyon mwen, yon

lqt ki ekri nan kq m' pou tout moun ki konn li ka li li. .


03:03 Wi, se bagay ki klq, nou menm moun Korent, nou se yon lqt

Kris la menm te ekri ban m' pote. Li pa t' ekri l' ak lank, sou

moso wxch plat, men sou kq moun ak Lespri Bondye ki vivan an. .


03:04 M'ap di nou tou sa, paske, gremesi Jezikri, mwen gen

konfyans nan Bondye. .


03:05 Konprann byen, mwen pa t' janm gen pretansyon pou m' ta

kapab fq bagay konsa ak pwxp kouraj mwen. Sa mwen fq a, se

Bondye ki fq m' ka fq li. .


03:06 Se li menm ki fq m' ka sqvi anba nouvo kontra a. Kontra sa

a pa t' fqt dapre lalwa ki ekri a, men dapre pouvwa Lespri

Bondye a. Lalwa ki ekri a bay lanmx, men Lespri Bondye a bay

lavi. .


03:07 Yo te make lalwa a lqt pa lqt sou de moso wxch plat.

Pouvwa Bondye a te parqt aklq lq li t'ap bay li. Lq sa a, figi

Moyiz te sitqlman klere, moun pqp Izrayql yo pa t' ka fiske jq

yo sou li. Men, figi Moyiz la pa t'ap rete klere tout tan. Si

travay lalwa a, ki te la pou bay lanmx, te parqt konsa, .


03:08 nou pa bezwen mande si pouvwa ki pou parqt lq Lespri

Bondye a ap travay p'ap pi gwo toujou. .


03:09 Travay ki t'ap fq yo kondannen moun lan te gen pouvwa, se

vre! Nou pa bezwen mande ki kalite pouvwa ki dwe genyen nan

travay k'ap fqt pou Bondye fq moun gras. .


03:10 Nou ka menm di pouvwa ki te parqt aklq nan tan lontan an

pa anyen devan pouvwa k'ap parqt aklq koulye a, sitqlman li

depase l' anpil. .


03:11 Si sa ki te la pou yon tan an te gen pouvwa, nou pa bezwen

mande ki pouvwa sa ki la pou tout tan an genyen. .


03:12 Se paske mwen gen tout espwa sa a kifq kq m' poze konsa. .


03:13 Mwen pa tankou Moyiz: klate ki te nan figi l' la te la pou

yon tan. Se sa ki fq Moyiz te kouri kouvri tout figi l' ak yon

moso twal pou moun pqp Israyql yo pa t' wq lq klate a disparqt. .


03:14 Men, yo pa t' ka konprann anyen. Jouk koulye a, lq y'ap li

liv ansyen kontra yo, vwal la toujou la sou lespri yo. Lq yon

moun mete konfyans yo nan Kris la, se lq sa a vwal la disparqt. .


03:15 Jxdi a ankx, chak fwa y'ap li liv Moyiz yo, vwal la kouvri

lespri yo. .


03:16 Men, tankou sa ekri nan liv la: Lq yon moun tounen vin

jwenn Seyq a, vwal la soti. .


03:17 Kilqs Seyq y'ap pale la a? Se Lespri Bondye a. Kote Lespri

Bondye a ye, la gen libqte. .


03:18 Nou tout, nou pa kouvri figi nou; nou tankou yon glas k'ap

fq moun wq pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfxme,

pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nqt ak

Seyq a. Sa se travay Seyq a. Lespri Bondye. .


* 04:01 Konsa, se Bondye menm, nan kq sansib li gen pou mwen an,

ki te renmqt mwen travay sa a pou m' fq. Se poutqt sa, mwen pa

janm pqdi kouraj. .


04:02 Mwen voye tout bagay lqd lqzxm ap fq an kachqt yo jete.

Mwen pa fq okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawxl Bondye a.

Okontrq, mwen fq tout moun konnen verite a jan l' ye a. Se konsa

bagay sa yo rekxmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen

konsyans. .


04:03 Si malgre sa, bon nouvql m'ap anonse a pa klq toujou, li

pa klq pou moun k'ap peri yo. .


04:04 Yo pa kwq paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan

bouche lespri yo. Li enpoze yo wq limyq bon nouvql la. Se bon

nouvql sa a ki fq nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pxtre

Bondye. .


04:05 Konprann sa byen, se pa tqt pa m' m'ap fq nou konnen: men

se Jezikri, Seyq a, m'ap fq nou konnen. Mwen menm mwen di nou se

sqvi m'ap sqvi nou poutqt Jezi. .


04:06 Bondye ki te di: Mwen vle pou limyq a klere nan mitan

fqnwa a, se li menm tou ki fq limyq li a klere nan kq nou pou li

fq nou konnen pouvwa li ki yon limyq ki klere byen bql nan figi

Kris la. .


04:07 Men, nou tout k'ap pote richqs Bondye sa a nan kq nou, nou

tankou veso ki fqt an tq. Tou sa se pou tout moun ka wq kokenn

chenn pouvwa sa a pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti. .


04:08 Mwen jwenn tout kalite fikilte; men, mwen pa janm kwense

nqt. Mwen konn rive nan sitirasyon mwen pa konn ni sa pou m' fq,

ni sa pou m' di. Men, mwen pa janm pqdi espwa. .


04:09 Yo pqsekite m', men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran

gwo so, men mwen pa rete atq a. .


04:10 Se konsa, kote m' pase mwen pote soufrans lanmx Jezi a nan

kx mwen, pou tout moun ka wq pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kx

m' tou. .


04:11 Nan lavi m', se tout tan m'ap pase toupre lanmx poutqt

Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parqt aklq nan kx mwen ki la pou

mouri. .


04:12 Konsa, lanmx ap travay nan mwen, men se lavi k'ap travay

nan nou menm moun Korent. .


04:13 Men sa ki ekri nan Liv la: Mwen te gen konfyans, se poutqt

sa mwen te pale. Mwen menm tou, mwen gen menm konfyans sa a, se

poutqt sa m'ap pale. .


04:14 Mwen konnen Bondye ki te fq Seyq Jezi leve soti vivan nan

lanmx a, li gen pou l' fq m' tounen vivan ankx ansanm ak Jezi,

li gen pou l' fq m' parqt ansanm ak nou devan li. .


04:15 Se poutqt nou menm, moun Korent, kifq tout bagay sa yo

rive, paske fxk gen plis moun toujou k'ap resevwa favq Bondye a

pou sa gen plis moun tou k'ap lapriyq pou di Bondye mqsi pou

pouvwa li. .


04:16 Se sak fq mwen pa janm dekouraje. Menm si kx m' ap bese

chak jou, lespri m' ap vin pi fqm chak jou tou. .


04:17 Sa m'ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase.

Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bql pouvwa k'ap la pou

tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. .


04:18 Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wq, men bagay moun

pa wq. Sa moun wq, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa

wq, se bagay ki la pou tout tan. .


* 05:01 Wi, nou konnen lq kx nou gen sou latq a va demoli tankou

yon kay, Bondye sere yon lxt kay nan syql la, yon kay byen solid

k'ap la pou tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou.

 .


05:02 Koulye a m'ap plenn anpil, sitqlman m' anvi antre nan kay

mwen gen nan syql la. .


05:03 Konsa, lq m'a antre ladan l', yo p'ap jwenn mwen toutouni.

.


05:04 Wi, toutotan m'ap viv nan kx mwen gen sou latq a, m'ap

plenn tankou moun ki anba yon chay. Sa pa vle di mwen ta renmen

wete kx sa a sou mwen. Men, mwen ta renmen pito mete kx mwen gen

nan syql la sou mwen. Se konsa, tou sa ki gen pou mouri nan nou

pral disparqt nan lavi. .


05:05 Se Bondye menm ki pare nou pou chanjman sa a. Li ban nou

Sentespri l' tankou yon garanti pou tout byen li sere pou nou yo.

 .


05:06 Se pou sa, nou toujou gen gwo kouraj. Nou konnen toutotan

nou nan kx sa a nou lwen Seyq a toujou. .


05:07 Si n'ap mache, se pa paske nou wq tout bagay klq, men se

paske nou gen konfyans nan Kris la. .


05:08 Nou gen gwo kouraj epi nou ta pito kite kx sa a pou n' al

rete toupre Seyq a. .


05:09 Men, anvan tout bagay, nou vle fq Seyq a plezi, kit nou

nan kx sa a, kit nou kite li. .


05:10 Paske, nou tout nou gen pou n' konparqt devan Kris la pou

li ka jije nou. Lq sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre

byen osinon dapre mal li te fq antan l' te nan kx sa a. .


05:11 Mwen konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye, se poutqt

sa m'ap chache mennen lqzxm vin kwq nan sa m'ap di. Bondye pou

tqt pa l' gen tan konnen m' nqt. Mwen ta swete nou menm nan fon

kq nou, nou konnen m' tou. .


05:12 Pa mete nan lide nou mwen vin pale nou byen sou tqt mwen

ankx. Men, mwen ta renmen ban nou okazyon pou nou kontan m'

anpil, pou nou ka jwenn repons pou nou bay moun ki pa gen bon

kalite nan kq yo tout bon, men k'ap fq grandizq pou bagay ki gen

bql aparans. .


05:13 Si jan yo di l' la mwen fou, se pou Bondye mwen fou. Men,

si mwen gen tout bon sans mwen, se pou nou menm, moun Korent,

mwen konsa. .


05:14 Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije

m': mwen gen konviksyon sa a, si yon sql moun te mouri pou tout

lxt yo, sa vle di tout lxt yo mouri ansanm avq li. .


05:15 Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv

pou tqt pa yo ankx, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te

leve soti vivan nan lanmx pou yo a. .


05:16 Se poutqt sa, depi koulye a, mwen pa konsidere pesonn sou

laparans, tankou lqzxm fq l' la. Si yon lq mwen te konsidere

Kris la sou laparans tankou lqzxm fq l' la, koulye a mwen pa

konnen l' nan jan sa a ankx. .


05:17 Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lxt moun. Bagay

lontan yo disparqt, se lxt bagay nqf ki pran plas yo koulye a. .


05:18 Tou sa soti nan Bondye ki fq nou vin zanmi avq l' ankx,

gremesi Kris la. Se li menm tou ki fq m' konfyans, ki ban m'

travay sa a pou mennen lqzxm vini byen avq l' ankx. .


05:19 Paske nan Kris la, Bondye t'ap fq tou sa li te kapab pou

fq moun vin byen avq l' ankx. Li pa t' gade sou peche lqzxm te

fq. Se li menm ki mete mwen la pou fq lqzxm konnen ki jan l'ap

fq yo byen avq l' ankx. .


05:20 Se sak fq mwen pale nan nou Kris la menm ki te voye m',

tankou si se Bondye menm k'ap pale nan bouch mwen pou di nou:

tanpri, nan non Kris la, tounen vin byen ak Bondye ankx. .


05:21 Kris la pa t' janm fq okenn peche, men Bondye fq l' pran

sx nou sou li, yo trete l' tankou yon moun ki fq peche. Konsa,

lq nou fq yon sql kx ak Kris la, Bondye fq nou gras. .


* 06:01 Se poutqt sa, mwen menm k'ap travay ak Bondye, mwen

mande nou pou nou pa kite favq nou resevwa nan men Bondye a

gaspiye. .


06:02 Paske, nan Liv la Bondye te di: Mwen te koute ou, lq lq a

te rive pou m' te fq ou gras la. Mwen te pote ou sekou, lq jou a

te rive pou m' te delivre ou la. Enben, koulye a, men lq a rive

pou n' resevwa favq Bondye a; se jxdi a menm nou ka jwenn

delivrans. .


06:03 Mwen pa ta vle pesonn jwenn anyen pou kritike nan travay

mwen. Se poutqt sa, m'ap chache mwayen nan travay mwen pou m' pa

bay pesonn okazyon tonbe nan peche. .


06:04 Okontrq, nan tout bagay, mwen fq tout moun wq se Bondye

m'ap sqvi. Se avqk anpil pasyans mwen sipxte tout kalite

soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kq sere. .


06:05 Yo bat mwen, yo mete m' nan prizon. Yo moute tqt moun sou

do mwen, yo fq m' fq travo fxse. Yo fq m' pase nwit san dxmi, yo

fq m' rete san manje. .


06:06 Mwen fq tout moun wq se moun k'ap sqvi Bondye mwen ye pou

jan m' mache dwat, pou jan m' konn verite a, pou jan m' gen

pasyans ak bon kq, pou jan m' kite Sentespri dirije lavi m', pou

jan m' renmen tout moun ak tout kq mwen, .


06:07 pou jan m'ap mache bay verite a, pou jan Bondye soutni m'

ak pouvwa li. Mwen sqvi ak tout bagay ki dwat tankou zam, kit

pou atake, kit pou defann tqt mwen. .


06:08 Yon lq yo respekte mwen, yon lxt lq yo fq m' wont. Yon lq

yo pale byen pou mwen, yon lxt lq yo pale m' mal. Yo fq m' pase

pou moun k'ap bay manti, men se verite a m'ap di. .


06:09 Yo fq m' pase pou moun pesonn pa konnen, men tout moun

konnen m' byen pwxp. Yo fq m' pase pou moun ki fin mouri, men

mwen byen vivan. Yo bat mwen, men yo pa touye mwen. .


06:10 Y'ap fq m' lapenn, men mwen toujou gen kq kontan. Mwen

sanblq m' pxv, men mwen fq anpil moun rich. Mwen sanble m' pa

gen anyen, men se mwen menm ki gen tout bagay. .


06:11 Zanmi m' yo, moun Korent, mwen pale kare avq nou, mwen

louvri tout kq m' ban nou. .


06:12 Se pa mwen ki te fqmen kq m' ban nou, se nou menm ki te

fqmen kq nou ban mwen. .


06:13 Se poutqt sa, m'ap pale avq nou tankou si nou te pitit

mwen. Santiman mwen gen pou nou an se li menm tou pou nou gen

pou mwen: louvri tout kq nou ban mwen. .


06:14 Pa mete tqt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris

la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wq sa

pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan

pou limyq ta ka mache ak fqnwa? .


06:15 Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon

moun ki kwq gen pou wq ansanm ak moun ki pa kwq? .


06:16 Kisa kay Bondye a gen pou wq ak zidxl? Nou se kay Bondye

vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv

nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pqp mwen. .


06:17 Se poutqt sa, Bondye te di nou: Soti nan mitan moun sa yo.

Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lq sa a, mwen

menm, m'a resevwa nou. .


06:18 M'a tankou yon papa pou nou. Nou menm, n'a tankou pitit

gason m' ak pitit fi mwen. Se Mqt ki gen tout pouvwa a ki di sa.

.


* 07:01 Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fq tout pwomqs sa yo.

Ann kenbe kx nou ak nanm nou nan kondisyon pou n' sqvi Bondye!

Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann

chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li! .


07:02 Tanpri, ban m' yon ti plas nan kq nou! (Konprann mwen

byen). Mwen pa fq pesonn okenn mal, pesonn pa ka di mwen lakxz

yo pqdi pozisyon yo. Pesonn pa ka di mwen pwofite sou yo. .


07:03 Mwen pa di nou sa pou kondannen nou. Mwen deja di nou sa:

sitqlman mwen renmen nou, mwen pote nou sou kq mwen pou lavi ak

pou lanmx. .


07:04 Mwen gen anpil konfyans nan nou, mwen kontan nou anpil.

Nan mitan tout soufrans mwen yo, mwen toujou gen anpil kouraj,

kq m' kontan nqt. .


07:05 Se konsa, depi mwen te rive nan peyi Masedwan, kq m' pa t'

poze menm: mwen jwenn traka tout jan. Yon bx mwen te nan gwo

diskisyon ak kqk moun, yon lxt bx mwen te pq nan kq mwen. .


07:06 Men, Bondye ki bay moun ki nan lafliksyon yo kouraj te ban

m' kouraj lq l' te voye Tit vin jwenn mwen. .


07:07 Se pa rive Tit la ase ki te ankouraje mwen. Sa te remoute

kouraj mwen anpil tou lq li rakonte m' jan nou menm nou te ba li

ankourajman. Li fq m' konnen jan nou anvi wq m', jan sa fq nou

lapenn pou mwen, jan nou pare pou nou pran defans mwen. Se sak

fq, koulye a mwen pi kontan toujou. .


07:08 Menm si lqt mwen te ekri nou an te fq nou lapenn, mwen pa

rqgrqt sa. Mwen te regrqt mwen te ekri l' lq m' te wq jan l' te

fq nou lapenn lq sa a. .


07:09 Men koulye a, kq m' kontan, pa paske mwen te fq nou lapenn,

 men paske lapenn nou te genyen an te fq nou chanje kondit. Nou

te sipxte lapenn sa a jan Bondye vle l' la. Se konsa mwen pa fq

nou okenn mal. .


07:10 Paske, lq yon moun sipxte lapenn li jan Bondye vle l' la,

sa chanje kq li pou l' ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n'

rqgrqt. Men, lapenn nou sipxte jan tout moun fq l' la, se touye

l'ap touye nou. .


07:11 Nou menm, nou sipxte lapenn nou an jan Bondye vle l' la.

Koulye a, gade sa l' fq pou nou! Gade ki jan li fq nou pran

sitirasyon an pou bagay serye! Gade ak ki lanpresman nou soti

pou defann tqt nou? Gade jan n' te fache! Gade jan n' te pq!

Gade jan nou anvi wq m' ankx! Gade jan nou aktif, jan nou prese

peni moun ki te fq sa ki mal la! Nou moutre nou pa t' koupab nan

tout bagay sa yo. .


07:12 Se pa pou moun ki te fq sa ki mal la, ni pou moun yo te fq

mal la mwen te ekri nou. Mwen ekri nou pou n' te ka wq jan nou

devwe pou mwen devan Bondye. Se poutqt sa, sa te ban m' anpil

ankourajman. .


07:13 Se pa ankouraje sqlman mwen te ankouraje. Mwen te pi

kontan ankx lq m' wq kouman Tit te kontan pou jan nou te ba li

ankourajman. .


07:14 Mwen te pale byen pou nou anpil ak Tit, epi nou pa fq m'

wont. Mwen pa janm ban nou manti lq m'ap pale ak nou. Se konsa,

sa m' te di Tit sou nou an se te verite a tout bon. .


07:15 Koulye a, li vin renmen nou plis toujou lq l' chonje jan

nou tout nou te dispoze obeyi, jan nou te resevwa l' avqk

krentif sitqlman nou t'ap tranble. .


07:16 Mwen kontan nqt mwen ka toujou konte sou nou. .


* 08:01 Frq m' yo, mwen ta renmen nou konnen ki jan Bondye te fq

wq favq l' nan legliz ki nan peyi Masedwan yo. .


08:02 Patizan Kris yo te pase anba anpil eprqv avqk tout

soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitqlman kontan, yo te

moutre jan yo ka bay ak tout kq yo, malgre yo te nan nesesite. .


08:03 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yo bay sa yo te kapab, yo

menm bay pase sa yo te kapab. San moun pa fxse yo, .


08:04 se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou

pou nou ba yo privilqj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pqp

Bondye nan peyi Jide a. .


08:05 Sa depase sa nou te kwq a anpil: yo ofri tqt yo bay Seyq a

anvan. Apre sa, yo ofri tqt yo ban nou jan Bondye vle l' la. .


08:06 Se konsa, mwen mande Tit pou li al lakay nou pou l' ka

kontinye travay li te konmanse a, pou nou ka bay sa nou gen pou

n' bay la ak tout kq nou. .


08:07 Wi, nou rich sou tout pwen, kit se nan lafwa, kit se nan

konn pale byen, kit se nan kxnesans verite a, kit se nan

aktivite nou pou Bondye, kit se nan renmen nou gen pou mwen. Se

poutqt sa mwen ta renmen wq nou bay ak tout kq nou pou zqv sa a

tankou moun ki rich. .


08:08 Se pa yon lxd m'ap ban nou: Men, mwen pran egzanp sou lxt

yo pou nou menm tou nou ka moutre jan nou gen renmen tout bon

nan kq nou. .


08:09 Nou konnen ki favq Jezikri, Seyq a, fq nou. Li menm ki te

rich, li fq tqt li tounen pxv pou nou. Konsa, lq l' fq tqt li

tounen pxv la, li fq nou rich. .


08:10 Men lide mwen fq sou keksyon sa a. Depi lanne pase anwo,

se nou menm an premye ki te fq lide ede frq yo. Se nou menm an

premye ki te konmanse ranmase lajan pou sa. .


08:11 Koulye a, se pou n' kontinye fin fq jqs la nqt. Menm jan

nou te mete tout kq nou lq nou t'ap pran desizyon fq l' la, mete

tout kq nou pou nou fini ak sa, dapre mwayen nou. .


08:12 Paske si nou mete tout kq nou pou nou bay, Bondye ap

asepte kado nou bay la. L'ap gade sou sa nou genyen, li p'ap

gade sou sa nou pa genyen. .


08:13 Sa pa vle di se pou nou mete tqt nou nan lamizq lq n'ap

soulaje lxt moun. Men, se pou tout moun menm jan. .


08:14 Si koulye a nou gen anpil, se pou n' ede sa ki nan

nesesite yo. Si yon jou pita nou vin nan nesesite, epi yo menm

yo gen anpil, lq sa a y'a kapab ede nou tou. Konsa tout moun va

menm jan, .


08:15 dapre sa ki te ekri nan Liv la: Moun ki te ranmase plis yo

pa t' gen twxp. Moun ki te ranmase pi piti yo pa t' manke anyen.

.


08:16 Ann di Bondye mqsi, li menm ki fq Tit devwe pou nou, menm

jan avq mwen! .


08:17 Tit te asepte fq sa m' te mande l' fq a. Men, li te

sitqlman prese vin ede nou, se li menm menm ki pran desizyon ale

lakay nou. .


08:18 Nou voye yon frq avq li. Tout moun nan legliz yo ap nonmen

non frq sa a pou jan l' travay pou anonse bon nouvql la. .


08:19 Apre sa, se legliz yo menm ki te chwazi l' pou vwayaje

ansanm ak nou, pou ede ranmase lajan nou t'ap bay la. Lajan sa a

gen pou sqvi yon lwanj pou Bondye, anmenmtan l'ap fq wq jan nou

vle ede vre. .


08:20 Nou pran tout prekosyon sa yo pou moun pa jwenn repwxch

pou yo fq nou pou gwo lajan sa a ki nan men nou an. .


08:21 N'ap chache fq tout bagay pwxp, pa sqlman devan Bondye,

men devan tout moun tou. .


08:22 N'ap voye yon lxt nan frq nou yo ak yo tou. Nou te swiv

frq sa a anpil, li toujou moutre anpil devouman nan sqvis la.

Men, koulye a li gen plis devouman toujou pou jan li fq nou

konfyans anpil. .


08:23 Konsa, Tit se yon bon zanmi m' k'ap travay ansanm avq m'

pou nou. Pou lxt frq ki avq l' yo, se legliz yo ki voye yo. Se

yon lwanj pou Kris la. .


08:24 Fq yo wq jan nou renmen yo, pou legliz yo ka sqten nou

renmen yo, pou yo ka konnen mwen gen rezxn pale byen pou nou

konsa. .


* 09:01 Mwen pa wq rezxn pou m' voye di nou anyen sou keksyon

sekou n'ap voye bay manm pqp Bondye ki nan peyi Jide a. .


09:02 Mwen konnen jan nou vle ede, mwen pa t' manke kontan pale

byen pou nou ak moun Masedwan yo lq m' te di yo: Depi lanne pase

anwo, frq ki nan peyi Lakayi yo pare pou ede. Se konsa

lanpresman nou pou bay te eksite anpil ladan yo bay tou. .


09:03 Malgre sa, m'ap voye frq sa yo bx kote nou pou bql pawxl

mwen te di pou nou sou zafq sekou sa a pa pase pou manti. Mwen

ta renmen wq nou pare vre, jan mwen te di l' la. .


09:04 Ala wont mwen ta wont si, pou lq moun peyi Masedwan yo ta

vin ansanm avq m', yo ta jwenn nou pa pare! Jan m' te konte sou

nou sa! Mwen pa bezwen pale jan nou menm tou nou ta wont! .


09:05 Se sak fq, mwen kwq se te nesesq pou m' te mande frq sa yo

pou y al lakay nou anvan mwen, pou nou ka pare kado nou te

pwxmqt nou t'ap bay la. Konsa, lq m'a rive mwen menm, kado a va

tou pare. Lq sa a, moun yo va wq nou bay paske nou vle, pa paske

yo fxse nou. .


09:06 Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekxlte ti kras.

Moun ki simen anpil va rekxlte anpil. .


09:07 Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kq yo, san yo pa

rqgrqt anyen, san moun pa bezwen fxse yo, paske Bondye renmen

moun ki bay ak kq kontan. .


09:08 Bondye menm gen pouvwa pou l' ban nou tout kalite

benediksyon an kantite. Li fq sa, pa sqlman pou nou ka toujou

genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rqs ki rete pou n'

fq tout kalite bon zqv. .


09:09 Se sa menm ki ekri nan Liv la: Li bay moun ki nan nesesite

yo san gad dqyq. L'ap toujou gen kq nan men. .


09:10 Bondye ki bay moun k'ap simen an grenn pou l' simen ak pen

pou l' manje, la ban nou tou sa nou bezwen pou simen. La fq l'

pouse pou nou, pou nou ka fq yon bql rekxtlq nou bay an kantite

konsa. .


09:11 Bondye ap toujou fq nou rich ase pou nou ka toujou bay ak

tout kq nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mqsi pou kado n'a

ban mwen pou yo. .


09:12 Se pou nou konn sa byen: sqvis n'ap rann lq nou bay lajan

sa a, se pa sqlman pou bay moun pqp Bondye sa yo bezwen. Men,

akxz sqvis sa a, anpil moun pral lapriyq Bondye pou di l' mqsi. .


09:13 Sqvis sa a ap fq yo wq ki kalite moun nou ye. Yo pral fq

lwanj Bondye, paske sekou sa a pral fq yo wq jan nou soumqt, jan

nou kwq nan bon nouvql ki pale sou Kris la. Y'a fq lwanj Bondye

tou pou jan nou separe byen nou yo ak yo ansanm ak tout lxt yo. .


09:14 Y'a lapriyq pou nou, y'a renmen nou anpil akxz gwo favq sa

a Bondye fq pou nou. .


09:15 Ann di Bondye mqsi pou gwo kado sa a li ban nou, yon kado

ki pa gen parqy li! .


* 10:01 Men sa mwen menm Pxl, m'ap mande nou ak dousq ansanm ak

bon kq ki soti nan Kris la. Gen moun ki pretann mwen fqmen lq m'

nan mitan nou, men lq m' lwen nou mwen sevq. .


10:02 Tanpri, pa fxse m' moutre nou jan mwen ka sevq lq m'a rive

lakay nou. Paske mwen sqten m'a ka moutre m' sevq annegad moun

ki konprann m'ap aji dapre bon konprann lqzxm. .


10:03 M'ap viv koulye a nan yon kx tankou tout moun, se vre. Men,

 mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun. .


10:04 Zam m'ap sqvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam

moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki

gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fx. M'ap kraze tout

pawxl esplikasyon ki pa bon, .


10:05 m'ap kraze tou sa lqzxm nan lxgqy yo ap fq pou anpeche

moun konnen Bondye. M'ap mare tout vye lide ki nan tqt lqzxm yo,

m'ap fq yo vin obeyi Kris la .


10:06 Mwen pare pou m' peni tout moun ki va dezxbeyi. Men, anvan

sa, se pou nou moutre m' jan nou soti pou nou soumqt nou nqt. .


10:07 Nou menm, moun Korent, n'ap gade sou laparans. Enben, si

yon moun mete nan tqt li se moun Kris la li ye, se pou l' mete

sa nan tqt li tou, mwen menm tou mwen se moun Kris la mwen ye

menm jan avq li. .


10:08 Enpi, menm si m' te fq grandizq yon ti jan twxp pou

otorite Seyq a ban mwen an, mwen pa wont pou sa. Paske, otorite

sa li ban mwen an, se pou m' fq nou grandi nan konfyans nan li,

se pa pou m' kraze nou. .


10:09 Mwen pa ta vle nou konprann m'ap chache kraponnen nou lq

m'ap ekri nou konsa. .


10:10 Gen moun ki di: Lq Pxl ap ekri nou, li rqd konsa, li sevq.

Men, lq li la nan mitan nou li tou dou. Ata pale li pa ka pale. .


10:11 Enben, moun ki di sa a, li mqt mete sa nan tqt li: Pa gen

diferans ant sa m'ap ekri nan lqt mwen voye ban nou lq mwen pa

la ak sa mwen pral fq lq m'a la nan mitan nou. .


10:12 Konprann sa byen: mwen pa ka pqmqt mwen pou m' mete m' sou

menm wotq ak moun ki kwq yo plis pase sa yo ye, ni mwen p'ap

konpare tqt mwen ak yo non plis. Se yon bann san konprann! Y'ap

mezire tqt yo ak mezi yo menm yo fq. Y'ap konpare tqt yo ak pwxp

tqt pa yo ankx. .


10:13 Men, pou mwen menm, mwen p'ap vantq tqt mwen depase limit.

M'ap rete nan limit travay Bondye ban mwen an. Nou menm, moun

Korent, nou nan limit travay mwen. .


10:14 Se sak fq, mwen pa t' depase limit mwen lq m' te rive

lakay nou ak bon nouvql ki pale sou Kris la. .


10:15 Konsa, nou wq, mwen pa depase limit Bondye ban mwen. Mwen

p'ap fq grandizq pou travay lxt moun te deja fq. Okontrq, mwen

gen espwa n'a grandi nan konfyans, pou m' ka fq yon pi gwo

travay ankx nan mitan nou, toujou nan limit Bondye ban mwen an. .


10:16 Apre sa, m'a kapab al anonse bon nouvql la nan peyi ki pi

lwen pase lakay nou, san m' p'ap bezwen fq grandizq pou travay

lxt moun deja fq nan limit pa yo. .


10:17 Paske, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fq lwanj

tqt li, se pou l' fq lwanj tqt li nan sa Bondye fq pou li. .


10:18 Se konsa wi: Se pa moun k'ap fq lwanj tqt yo ki bon pou

travay la, men se moun Seyq a rekxmande ki bon pou travay la. .


* 11:01 Mwen ta renmen nou pqmqt mwen pran pxz moun fou m' pou

yon ti moman. Enben, wi, pqmqt mwen fq sa. .


11:02 M'ap fq jalouzi pou nou, yon jalouzi ki soti nan Bondye.

Paske, nou tankou yon jenn fi ki pa nan dezxd. Mwen fiyanse nou

ak yon sql gason. Gason sa a se Kris la. .


11:03 Men, mwen pq pou lespri nou pa pqvqti, pou nou pa manke

Kris la pawxl, pou nou pa tonbe nan dezxd tankou Ev ki te kite

sqpan an vire lxlxj li ak riz li yo. .


11:04 Mwen di sa paske mwen wq nou kite nenpxt ki moun vin fq

nou konnen yon Jezi ki pa menm ak Jezi mwen te fq nou konnen an,

epi nou pa di anyen. Mwen wq nou pare pou n' asepte yon lespri

ak yon mesaj ki pa menm ni ak Lespri Bondye a, ni ak bon nouvql

mwen te ban nou an. .


11:05 Pou mwen, mwen pa wq sa apxt ki kwq yo plis pase tout moun

yo gen pase mwen. .


11:06 Mwen ka pa konn pale byen, men pou konesans la, se pa menm

bagay. Nan tout okazyon ak nan tout bagay mwen te toujou fq nou

wq sa. .


11:07 Lq m' te anonse nou bon nouvql Bondye a, mwen te fq sa

gratis pou nou, mwen te desann tqt mwen pou m' te ka fq nou

kanpe. Eske mwen te gen tx lq m' te fq sa? .


11:08 Lq sa a, mwen te asepte lajan nan men lxt legliz yo. Se

tankou si m' te pran nan sa ki pou yo pou m' te kapab ede nou. .


11:09 Pandan tout tan mwen te pase lakay nou an, mwen pa t' sou

kont pesonn lq m' te bezwen lajan, paske frq ki soti Masedwan yo

te pote tou sa m' te bezwen pou mwen. Mwen te pran kont

prekosyon m' pou m' pa t' sou kont nou yonn pou anyen, epi m'ap

toujou pran menm prekosyon sa a. .


11:10 Jan mwen sqten mwen konnen verite Kris la, mwen pa ka bay

manti, se konsa m'ap di nou sa: rezon sa a mwen genyen pou m'

vante tqt mwen nan tout peyi Lakayi a, pesonn p'ap kapab wete l'

nan men mwen. .


11:11 Poukisa? Eske se paske mwen pa renmen nou? Se Bondye ki

konnen jan mwen renmen nou. .


11:12 Men, m'ap toujou aji jan m'ap aji koulye a, pou m' pa bay

moun k'ap chache okazyon pou yo fq grandizq chans pou yo ka di

yo travay menm jan ak mwen. .


11:13 Moun sa yo, se pxz apxt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou

travay yo, y'ap fq tqt yo pase pou apxt Kris la. .


11:14 Pa gen anyen la a ki pou fq n' sezi: ata Satan ka ranje kx

l' pou l' pran pxz yon zanj limyq. .


11:15 Si moun k'ap sqvi Satan yo pran pxz moun k'ap sqvi sa ki

byen, pa gen anyen ki dwxl nan sa. Men, bout pou bout y'a jwenn

sa y'ap chache a. .


11:16 M'ap repete sa m' te di a: Piga pesonn pran m' pou moun

fou. Men, si nou pran m' pou moun fou, kite m' pran pxz moun fou

m' vre pou m' kapab vante tqt moun yon ti kras tou. .


11:17 Sa m'ap di koulye a, se pa sa menm Seyq a ta renmen m' di.

Men, nan pozisyon yo mete m' ki fq m' ka vante tqt mwen an, m'ap

pale tankou si m' te fou. .


11:18 Sitqlman gen moun k'ap vante tqt yo pou bagay y'ap fq sou

latq, kite m' vante tqt mwen tou. .


11:19 Nou menm ki gen bon konprann nou pa manke tolere moun fou!

.


11:20 Nou kite yo fq nou tounen esklav, nou kite yo devore nou,

nou kite yo pran nou nan pqlen, nou kite yo fq awogans sou nou,

nou kite yo ban nou souflqt. .


11:21 Wi, mwen wont di sa: Mwen te twx fqb pou m' te aji jan m'

te aji ak nou an! Men, si gen moun ki ka pqmqt yo vante tqt yo

pou lxt bagay (pa bliye m'ap pale tankou yon moun fou wi!) mwen

menm tou m'ap pqmqt mwen fq sa tou. .


11:22 Eske yo se pitit pitit Ebq? Mwen menm tou. Eske yo se moun

ras Israyql la? Mwen menm tou. Eske yo se pitit pitit Abraram?

Mwen menm tou. .


11:23 Eske yo se moun k'ap sqvi Kris la? (M'ap pale koulye a

tankou moun ki deraye nqt.) Mwen sqvi Kris la plis pase yo: mwen

travay pase yo, yo mete m' nan prizon pi plis pase yo, yo bat

mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo. .


11:24 An senk fwa, jwif yo ban m' trant nqf kout fwqt. .


11:25 An twa fwa, women yo bat mwen. Yon fwa yo kalonnen m' wxch

pou yo te touye mwen. Batiman koule avq m' twa fwa. Yon fwa menm

mwen pase yon jou ak yon nwit nan dlo. .


11:26 Anpil fwa menm, lq m'ap vwayaje konsa dlo larivyq manke

pote m' ale. Bandi manke touye m', jwif yo manke touye m' tou,

ata moun lxt nasyon yo manke touye m' tou. Mwen te an danje nan

lavil, mwen te an danje andeyx, mwen te an danje sou lanmq. Ata

swadizan frq yo manke touye mwen. .


11:27 Mwen redi travay di, mwen fatige kx m' anpil, mwen pase

anpil nwit san dxmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo.

Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen

konn pa gen rad pou m' mete sou mwen. .


11:28 San konte anpil lxt bagay ankx, chak jou se tqt chaje pou

mwen ak bagay mwen gen pou m' regle pou tout legliz yo. .


11:29 Si yon moun fqb, lamenm mwen fqb tou. Si yon moun tonbe

nan peche, sa rann mwen malad. .


11:30 Si se pou m' vante tqt mwen, m'a vante tqt mwen pou tout

bagay ki pou moutre jan m' fqb. .


11:31 Bondye ki Papa Seyq Jezi a (li menm k'ap resevwa lwanj

tout tan an), li konnen mwen p'ap bay manti. .


11:32 Lq m' te lavil Damas, moun wa Aretas te mete pou gouvqnen

lavil la pran gad, li mete yo nan tout pxtay lavil la pou yo te

arete m'. .


11:33 Men frq yo fq m' pase nan yon fennqt nan gwo miray lavil

la. Yo file m' desann nan yon panyen. Se konsa mwen te chape kx

m' anba men li. .


* 12:01 Mwen blije ap vante tqt mwen, atout mwen konnen sa pa

bon. Men, m'ap vin koulye a sou vizyon ak revelasyon Seyq a te

ban mwen. .


12:02 Mwen konnen yon moun k'ap viv nan Kris la, ki te transpxte

jouk anwo nqt nan syql la. Sa gen katxzan depase. (Mwen pa konn

ki jan sa te fq fqt, mwen pa ka di si l' te moute tout bon nan

kx l', osinon si se te yon vizyon li te fq. Se Bondye sql ki

konnen.) .


12:03 Wi, mwen konnen nonm sa a te santi l' moute jouk anwo nan

paradi. M'ap repete, mwen pa ka di si li te moute tout bon nan

kx l', osinon si se te yon vizyon li te fq. Se Bondye sql ki

konnen. .


12:04 Antan l' te la, li tande yon bann pawxl bouch moun pa ka

pale, koze moun pa gen dwa repete. .


12:05 Enben, m'ap fq lwanj nonm sa a, mwen p'ap fq lwanj tqt pa

m', esepte si se pou m' moutre jan m' fqb. .


12:06 Si mwen te vle vante tqt mwen, mwen pa ta yon nonm fou non,

 paske mwen pa t'ap bay manti. Men, mwen refize vante tqt mwen.

Mwen pa ta vle pou yon moun rive konprann mwen plis pase sa li

te met nan tqt li mwen ye, lq l' te wq sa m'ap fq, lq l' tande

sa m'ap di. .


12:07 Malgre sa, pou lxgqy pa fq m' gonfle avqk kalite bql

revelasyon sa yo mwen resevwa, yo ban m' yon kalite maladi nan

kx m' k'ap fq m' soufri, ou ta di yon zanj Satan voye maltrete

m' pou anpeche m' gen lxgqy. .


12:08 An twa fwa mwen lapriyq Seyq a pou maladi sa a, mwen mande

l' pou l' wete li sou mwen. .


12:09 Chak fwa, li reponn mwen: Se favq m' ase ou bezwen. Paske

lq ou fqb, se lq sa a moun wq pouvwa mwen nan ou. Se poutqt sa,

nan fon kq m', mwen pito pale sou feblqs mwen pou pouvwa Kris la

ka mete m' anba zql li. .


12:10 Se sak fq tou mwen kontan anpil lq m' santi m' fqb, lq yo

joure m', lq m' nan lafliksyon, lq m' anba pqseksyon, lq m' nan

fikilte, lq m'ap sibi tou sa akxz Kris la. Paske lq m' fqb, se

lq sa a mwen gen fxs. .


12:11 Mwen sot pale la a tankou moun fou. Men, se nou menm ki

lakxz sa. Se nou menm ki pou ta pran defans mwen. Mwen te mqt pa

anyen vre, men, apxt nou yo ki kwq yo plis pase tout moun, yo pa

gen anyen pase mwen. .


12:12 Avqk anpil pasyans, Bondye fq nou wq kont siy, kont mirak,

kont bql bagay ki rive nan mitan nou, tou sa pou ban nou prqv se

yon apxt mwen ye. .


12:13 Mwen pa t' sou kont nou, se vre. Mwen mande nou padon pou

fxt sa a. Men, apa sa, kisa yo fq pou lxt legliz yo yo pa fq pou

nou? .


12:14 Mwen pare koulye a pou m' vin lakay nou yon twazyqm fwa.

Fwa sa a ankx mwen p'ap sou kont nou. Se nou menm menm mwen

bezwen, se pa lajan nou. Konprann sa byen, se pa pitit ki pou fq

lajan pou pran swen manman ak papa. Se manman ak papa ki pou fq

lajan pou pran swen pitit. .


12:15 Pou mwen menm, m'ap kontan depanse tou sa m' genyen, se va

tout plezi m' pou m' bay ata tqt mwen pou nanm nou ka pwofite.

Eske n'a renmen m' mwens paske mwen renmen nou anpil konsa? .


12:16 Se pou nou admqt mwen pa t' janm yon chay pou nou. Men,

gen moun ki va di: Pxl se yon nonm ki malen wi. Gade jan li pran

nou nan pqlen ak yon bann manti. .


12:17 Nan moun mwen te voye lakay nou, qske gen ladan yo ki te

souse nou? .


12:18 Mwen te mande Tit pou li al lakay nou. Mwen te voye lxt

frq a ansanm avq li. Eske nou ka di Tit te egzije kichxy nan men

nou? Eske mwen menm ansanm ak Tit, nou pa gen menm rezxn pou n'

aji jan nou aji a? Eske nou pa kondi tqt nou menm jan an? .


12:19 Nou dwe mete nan tqt nou koulye a se chache m'ap chache

defann tqt mwen devan nou? enben non! M'ap pale jan Kris la vle

l' la, mwen pran Bondye pou temwen: Mwen di nou tout bagay sa yo,

 mezanmi, pou nou ka grandi nan lafwa. .


12:20 Mwen pq pou lq m' rive lakay nou, mwen pa jwenn nou jan

mwen ta vle l' la. Mwen pq pou m' pa jwenn kont, jalouzi, bouyay,

 rayisab, joure, tripotaj, lxgqy, dezxd nan mitan nou. .


12:21 Mwen pq pou lq m' rive lakay nou, Bondye m'ap sqvi a pa

rabese m' ankx devan nou, pou m' pa bezwen nan kriye pou anpil

nan nou ki te fq peche anvan sa, epi ki pa tounen vin jwenn

Bondye, men ki toujou rete nan malpwxpte yo, nan imoralite yo,

nan tout vis yo t'ap fq yo. .


* 13:01 M'ap vin lakay nou pou yon twazyqm fwa. Lq sa a, jan sa

ekri nan Liv la, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon

twa temwen. .


13:02 M'ap avqti nou tout ki te fq peche anvan sa, ansanm ak

tout lxt yo. Mwen te deja di nou sa lq m' te vin lakay nou

dezyqm fwa a. Koulye a mwen pa la, m'ap repete l' ankx: pwochenn

fwa m'ap tounen lakay nou, mwen p'ap mennaje pesonn. .


13:03 Nou bezwen prqv se Kris la k'ap pale lq m'ap pale, enben

n'a jwenn li. Kris la pa fqb non lq l'ap regle ak nou. Okontrq,

l'ap fq nou wq pouvwa li. .


13:04 Wi, se vre: yo te kloure l' sou yon kwa paske li te fqb.

Men koulye a, li vivan gremesi pouvwa Bondye a. Mwen menm tou,

mwen fqb ansanm ak Kris la. Men, lq m'ap regle avqk nou, mwen

vivan ansanm avq l' tou, gremesi pouvwa Bondye a. .


13:05 Sonde tqt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wq

si n'ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fqt pou nou rekonqt si

Jezikri nan kq nou, esepte si nou pa ta kapab bay prqv nou gen

konfyans nan Bondye. .


13:06 Men, mwen kwq n'a rekonqt sa tou: mwen menm, mwen kapab

bay prqv mwen gen konfyans nan Bondye. .


13:07 M'ap lapriyq Bondye pou nou pa fq anyen ki mal. Lq m' fq

sa, mwen pa fq l' nan lide pou m' moutre sa m' kapab fq. Men,

mwen ta renmen wq nou fq sa ki byen, menm si mwen pase pou moun

ki pa kapab fq anyen. .


13:08 Nou pa ka fq anyen ki kont verite Bondye a, se pou li ase

nou ka travay. .


13:09 Mwen kontan nqt lq mwen menm mwen fqb, epi nou menm nou

gen fxs. Se sak fq, m'ap mande nan lapriyq m' pou nou vin bon

nqt sou tout pwen. .


13:10 M'ap ekri nou konsa lq mwen lwen nou, se pou lq m' rive

lakay nou, mwen pa bezwen aji sevq avqk nou. Otorite Seyq a ban

mwen an, se pa pou detwi nou non li ban mwen li. Men, se pou fq

nou grandi nan konfyans nou. .


13:11 Koulye a, frq m' yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon

nqt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lxt, mete nou dakx

yonn ak lxt, viv ak kq poze. Bondye ki bay renmen ak kq poze a,

va toujou avq nou. .


13:12 Se pou nou yonn bo lxt tankou moun k'ap viv pou Bondye.

Tout frq k'ap viv apa pou Bondye yo voye bonjou pou nou. .


13:13 Se pou benediksyon Seyq Jezikri ban nou an, ak renmen

Bondye gen pou nou an, ansanm ak pouvwa Sentespri k'ap fq nou

viv ansanm lan toujou la ak nou tout. .


13:14 .










 


~~~~~~