01:01 Mwen menm Jid, sqvitq Jezikri, frq Jak la, m'ap ekri nou

lqt sa a, nou tout Bondye rele, nou menm k'ap viv ansanm nan

renmen Bondye Papa a ak anba proteksyon Jezikri. .


01:02 Mwen mande pou li gen pitye pou nou, pou li ban nou kq

poze ak renmen an kantite. .


01:03 Zanmi m' yo, mwen pa t' manke anvi ekri nou pou m' te pale

nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m' blije

ekri nou koulye a pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran

defans lafwa Bondye te bay yon sql fwa pou tout tan an, pou tout

moun pa l' yo. .


01:04 Paske, gen kqk mechan ki gen tan fofile kx yo nan mitan

nou. Se moun ki san respq pou Bondye. Yo pran renmen Bondye

renmen nou an sqvi yon kouvqti pou fq dezxd. Yo vire do bay

Jezikri ki sql Mqt ak sql Segnq nou an. Depi lontan yo te ekri

nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo. .


01:05 Atout nou deja konnen tout bagay sa yo byen prxp, mwen vle

fq nou chonje ki jan, lq Bondye te fin delivre pqp Izrayql la

anba moun Lejip yo, li te detwi tout moun ki pa t' kwq yo. .


01:06 Chonje tou ki jan zanj ki pa t' rete nan pozisyon Bondye

te ba yo a men ki te kite kote l' te mete yo a, Bondye kenbe yo

nan mitan fqnwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la

y'ap tann gro jou jijman an. .


01:07 Menm jan an tou, chonje moun Sodxm ak Gomx ak tout ti bouk

nan vwazinaj yo a. Yo te fq tankou zanj sa yo. Yo te lage kx yo

nan tout kalite dezxd lachq, yo te menm rive nan fq gason ak

gason, fi ak fi. Pou peni yo, yo lage yo nan dife k'ap boule

tout tan an. Sa se yon egzanp ak yon avqtisman pou tout moun. .


01:08 Menm jan an tou, mesye sa yo, avqk tout vizyon y'ap plede

fq yo, y'ap fq tout kalite vye bagay ak kx yo, y'ap meprize

otorite Bondye, y'ap pale pouvwa ki nan syql yo mal. .


01:09 Menm Akanj Michql, lq li t'ap plede ak dyab la pou kadav

Moyiz, li pa t' penmqt li jije dyab la yon jan pou l' te manke

l' dega. Men, li annik di li: Mqt la va regle avq ou. .


01:10 Yo menm, okontrq, yo pale mal sou sa yo pa konprann. Bagay

yo konnen se bagay ensten yo moutre yo tankou bqt ki san

konprann. Se bagay sa yo menm k'ap pqdi yo. .


01:11 Malq pou yo! Y'ap fq menm rout ak Kayen. Pou yo ka fq kxb,

yo lage kx yo nan menm move chemen Balaram lan. y'a mouri tankou

Kore ki te peri nan fq rebql ak Bondye. .


01:12 Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fq pou frq yo.

Yo san ront konsa. Yo vin manje, yo vin bwq kont kx yo san

chonje moun; se prxp tqt yo ase yo konnen. Yo tankou nwaj van ap

gaye nan syql la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm

donnen, menm nan sezon rekxt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen

epi ki fin mouri nqt. .


01:13 Yo tankou lanm lanmq lq lanmq a move. Y'ap pouse kim salte

yo met deyx. Yo tankou zetwal ki pqdi rout yo. Bondye sere yon

plas pou yo kote ki fq pi nwa a pou tout tan. .


01:14 Depi lontan, Enxk, ki te vin sqt jenerasyon apre Adan, te

pale sou yo, lq l' te di: Koute. Men Bondye ap vini ak tout lame

moun pa li yo. .


01:15 L'ap jije tout moun; l'ap kondannen tout mechan yo pou

tout move bagay yo te fq kont Bondye. Moun sa yo ki te san respq

pou Bondye, l'ap kondannen yo pou tout move parxl yo te di sou

li. .


01:16 Moun sa yo toujou ap bougonnen, y'ap plede plengnen sou

sitirasyon yo. Se enterq yo ase y'ap chache. Depi yo louvri

bouch yo, se vante y'ap vante tqt yo. Y'ap flate tout moun pou

yo tire avantaj sou yo. .


01:17 Men, nou menm, zanmi m' yo, toujou chonje parxl apxt Segnq

Jezikri yo te di nou davans lan. .


01:18 Yo te di nou konsa: Lq dqnye jou yo va rive, va gen anpil

moun k'ap san respq pou bagay Bondye yo, moun k'ap pase nou anba

betiz, moun k'ap viv dapre vye lide lanvi yo gengnen. .


01:19 Se moun sa yo k'ap simen divizyon. Yo kite egzijans lachq

dominen yo. Se pa Lespri Bondye a k'ap dirije lavi yo. .


01:20 Men, nou menm, mezanmi, annou kontinye grandi toujou nan

konfyans nou k'ap fq nou viv pou Bondye nqt ale. Avqk pouvwa

Sentespri a, annou lapriyq san rete. .


01:21 Rete fqm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann

Segnq nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske

li gen pitye pou nou. .


01:22 Gen pitye pou frq yo ki nan doutans toujou. .


01:23 Lonje men delivre yo, rache yo soti nan mitan dife a. Se

pou nou gen pitye pou lxt moun yo tou. Men, fq atansyon, paske

se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an. .


01:24 Koulye a tout lwanj, tout grandq, tout pouvwa ak tout

otorite pou yon sql Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou

pa tonbe, li menm ki kapab fq nou parqt san reprxch ak kq kontan

devan l' nan tout bql pouvwa li. .


01:25 Li menm, sql Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Segnq

nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandq, tout pouvwa ak

tout otorite, depi nan tan lontan, koulye a ak pou tout tan.

Amqn. .







 


~~~~~~